PA DIM SA POUM FE _ Official Lyrics Video

preview_player
Показать описание
Rejoignez cette chaîne pour bénéficier d'avantages exclusifs :

Follow me

Prodz : Lakay Mizik

Lyrics

Yon sèl kou kè m’ rete l’ anvayi
Tankou tè a te sèch ki t’ ap ret tann lapli
Se mwen k’ pou di w’ jan w’ te konble tout vid
Mwen pate janmen kwè se ou k’ ta pral trayi m’
Ou ale ak tout sa k’ bon anndan m’
Tankou yon vye fòmann plan w’ te gentan trase
Se nan nouvèl m’ ap aprann ou se fanm papa m’
Ah machè tout moral mwen kraze
Ou pat panse sim t’ ap rekanpe
Son move van ki tape pase
Ou pa bezwen menm panse tounen
Gen yon lòt moun ki ranplase w’
Pa di m’ sa pou m’ fè ak vi m’ ankò
Lè w’ te ladann nan ou t’ ap plede fè m’ tò (2x)
Mwen te gentan di janmè mwen pap ouvè kè m’ ankò
A chak fwa m’ panse avè w’ sa w’ te fè yo banm remò
Se te yon tray,
Ou te toutou kanpe sou banm may
Ou te jete m’ twò mal
Avèk yon lòt konnya m’ ap chay
Ou pat panse sim t’ ap rekanpe
Son move van ki tape pase
Ou pa bezwen menm panse tounen
Gen yon lòt moun ki ranplase w’
Pa di m’ sa pou m’ fè ak vi m’ ankò
Lè w’ te ladann nan ou t’ ap plede fè m’ tò (2x)
Ou te kanpe an mèt nan mache kraze kè
Ou pa anyen (2x)
Pou jan m’ ap byen pase ak moun mwen gen konnya
Ou pat janm anyen non
Ou pa anyen non (2x)
Pa di m’ sa pou m’ fè ak vi m’ ankò
Lè w’ te ladann nan ou t’ ap plede fè m’ tò
M’ pap di twòp (2x)
Babay
M’ pap di twòp (2x)
Babay
alliminium ou ye cherie ou paka lemante.
Рекомендации по теме
Комментарии
Автор

Rèd broh poujan map byen pase la oupa ayen

masterjeff
Автор

Anpil love atis mwen, ou toujou fè bèl mizik men se domaj mizik machan Desalin pa gen moun k'ap ede l mache apa de atis k'ap fè efò malgre tou, men si se pou talan nou pa manke sa a

pannkotvivan
Автор

Mwen pa wè sa poum ekri nan komantè a
Antouka good job atis pam

Автор

Red red bro, nivo a entènasyonal kounya, vle pa vle wap pese frem

richkard.fils
Автор

Ohw 🔥congrats cher
Musique lan vraiment bèl
E gen vokal 👏👏👏💫

JoannyAnescat
join shbcf.ru