Timber G - Lanmou Sa Se Pou Ou (Official Video)

preview_player
Показать описание
Timber G - Lanmou Sa Se Pou Ou

Written by Guytember Nicolas

Produced by Nickenson Prudhomme

Video Shot & Edited by Odney Joseph

Lyrics

Pouki tout jounen wap veye mwen,
Ou vle gen kontwòl telefòn mwen,
Lè'm fon'w sòti ou bougonnen,
Oh m pran twòp tan pou'm te tounen,
Ou menm ap tcheke sou chemiz mwen,
Pou'w wè si li pa de-boutonnen,
Ou tankou on moun kap chache zen,
Ou vle tout bagay pou'w konnen,
Tout sa mwen di'w ou gen dout,
Ou fèm konfyans par kont gout,
Eske se mwen ou pa konn bout?
Men konbyen fwa pou'm di'w?

Lanmou sa se pou ou,
Ou pa bezwen trakase ou,
Pami tout lòt moun yo,
Se pou ou m fè joujou,
Lanmou sa se pou ou,
Ou pa bezwen trakase ou,
Pami tout lòt moun yo,
Se pou ou ke map fou,

Yon bann jalouzi ki pa gen plas,
Ou pa vle menm banm yon ti espas,
Emosyon fè'w nan fèm menas,
Si'm pat renmen'w m te gentan elas,
M paka konprann jan'w te (nice)
Kounya wap make'm e ou vin tenas,
Nan chache konn sim pa kenbe kras,
Genlè m son'w pwason k antre nan nas
M gen santiman m gen kè tou,
Pou respè ou m dwe kèr tou,
Deja ou se mèt mwen m se mèt ou,
Retire vye lide nan tèt ou.

Lanmou sa se pou ou,
Ou pa bezwen trakase ou
Pami tout lòt moun yo,
Se pou ou m fè joujou
Lanmou sa se pou ou,
Ou pa bezwen trakase ou
Pami tout lòt moun yo,
Se pou ou ke map fou,

Cherie si'm pat renmen'w se pa ou ki tap la,
E si mwen pat bezwen'w m tap re bat kat la,
Sispann panse ke lòt moun ka ranplase'w,
Se pa nan yon djòb ou ye,
Mwen konnen lap difisil pou'w pata jalou,
Lè ou gon'w bon grenn nan men'w fè pataj la lou,
Men m toujou fè efò pou'm pa rive nan fwase'w,
Mwen pa kwè nan diskisyon mwen plis renmen anbrase'w.

Lanmou sa se pou ou,
Ou pa bezwen trakase ou
Pami tout lòt moun yo,
Se pou ou m fè joujou
Lanmou sa se pou ou,
Ou pa bezwen trakase ou,
Pami tout lòt moun yo,
Se pou ou ke map fou

#timberg #lanmousasepouou
Рекомендации по теме
Комментарии
Автор

Konbien moun ki renmen mizik sa menm Jan avem

impactzencho
Автор

Sim pat renmen w b se pa ou ki tap la, lanmou sa se pou ou ou pa bezwen trakase w se pou ou mfè joujou bravo atis la, konbien moun kap di naj yo sa toutan ❤❤❤❤

ketlinpiefis
Автор

Chak jou m gadel plis ke 10 fwa wi bèl mizik
Konbyen moun kap gadel pou mwa mai a siw la banm yon like Bel mizik

diverticlub
Автор

Men li papa 💃🏾💃🏾💃🏾💃🏾💃🏾🔥🔥🔥🔥🔥

Janm renmen atis mw sa🥰 Li gen pawol anpil wi☝🏾 pa neglije ba li sipò nou🙏🏾❤️❤️❤️❤️

loverl
Автор

Konbyn moun ki renmen pati ki di sispann panse yon lòt ka ranplasew c pa nan yon dyòb ou ye❣❤❤❤❤

smondatermonda
Автор

M trò damou mizik sa map tandel en 2024🎉🎉🎉🎉❤❤

DevalcinAcheleika
Автор

Si mizik sa mache nan sanw menm jan avèm banm yon like

zoerich
Автор

Timber g anpil respe pou ou, mw renmen mizik sa anpil, chak map tandel mw sonje menaj wi bro ke bondye ba ou plis fos pou yon lot anko bro, mw chante mizik la pa kè, lè map tande mizik sa mw konnen lanmò pa egziste wi de ran dlo soti nan jém 💪🙏🙏🙏🙏🙏🙏

AumisonSaintelia
Автор

mwen tèlman renmenw mizik sa mache nan sanm 🔥🔥🔥🔥🔥

sylviemichel
Автор

Tout moun ki renmen pati sa ki di .
Cheri sim pat renmenw se ou tap la waww souple touyem ak 👍👍👍👍👍

geraldpierrelouis
Автор

Misye se yon bèl grenn atis wi sak fè misye pa k pase gen talan gen vocal mizik li yo bon bon Haïtien rès travay la pou nou voye misye monte

petersonclergepeterson
Автор

Wawww mw pa konnen konbyen fwa mw koute mizik lan pa jou tèlman mw renmn l si gn yon moun ki renmnl men jan avèm banm yon like

rosarosa
Автор

Si u renmn video a menm jan avm, u wel se yon bel txt menm jan avm banm yon like🙌🏻🙌🏻🙌🏻

juancitoswaggatheking
Автор

Je suis tellement dingue de cette musique, je l'écoute presque 20 fois par jour... j'adore ça💕💋

jeanfelixfrantzia
Автор

Lanmou sa se pou ou, ou pa bezwen trakasew 🥰

loveliejean
Автор

Just wow, li mache nan San m . Yon lanmou konsa m vle ❤️❤️❤️

sophiadubuisson
Автор

@TimberG Ballon an rantre nan filè a wi. Mw pa konn Koman wap relel!? Chire filè oubyen Gòl! 💯 🔥 🔥🔥

rockyofisyel
Автор

Mwen renmen music sa anpil wi bravo frero bon travail👏💪🔥🔥🔥🔥

franckygeorges
Автор

Bon bagay Bro. Mwen pat la ki fè mpat janm tande Mizik saa, gwo bout MIZIK 🙌🏻🙌🏻🙌🏻🙌🏻🙌🏻🙌🏻👏👏👏

MotivationPourHaiti
Автор

J’adore la musique et la voix de l’artiste 🥰😍😍Good job 💯

louisdashna