Guarionex feat Toby anbakè & G-lex - don't do it

preview_player
Показать описание
Description

Aprann parole music atis prefere w la
Pa bliye abone , like video a , epi kite Yon kòmantè pou nou

Guarionex feat Toby anbakè & G-lex - Don't do it ( official video )

Lyrics
Refrain

Patrick no !! Don't do it
Ou ka ret kanpe , ou ka ret panse
Don't do it
Patrick no !! Don't it !!
Panse a timoun yo , ou ka sove avni yo
Don't do it

Verse

Istwa sa vrèman tris
Men m'oblige patajel
Gen bagay ou Konn ap Viv
Ou ka menm panse wap révé
E la m'leve
Aprann kiltive pasyans lèw malere
Paran patrick te gen espwa
L'te panse l son lajan sere
L'antre lavil ak apre sètifika
Tout Moun te wèl son génie
Papa l tap Fè tout djòb
paskel t met espwa sou jèn li
Manmanl son protestant Fè ti komès
Jere ti jèn li , priye pou gason'l Jwi
tout sal pat gentan Fè kòm jèn fi
Lavi an bèl , avni an bèl
Men se plas ki tap prepare
Pou chagrin te vin nan kèl
Pou'w Viv ISI fòw gen fyèl
Apre kontan souvan gen rèl
Vanjans Fè nou aprann haine ak lanmou
Toujou nan dyèl
Yeah !!
Tankou timoun patrick te lekòl
Toujou jwenn kado souvan pou efò l'
Chay soti tèt tonbe sou epòl
Pwoblèm vini nan moman l'
Potko k souke kò l'
Papa vin tonbe Malad
pou jan nèg sa brav
Tcheke tout dòktè yo Di ka l' grav
Vann tout ti byen yo te Genyen
Pou bay lavi
Papa mouri men se tout fanmi an ki kadav

Refrain

Patrick no !! Don't do it
Ou ka ret kanpe , ou ka ret panse
Don't do it
Patrick no !! Don't it !!
Panse a timoun yo , ou ka sove avni yo
Don't do it

Verse

Aprè lanmò papa
Fanmi an vin tonbe
Patrick de bra balanse
L'pa mjwenn on ti branch pou kenbe
Voye l tounen pou kòb lekòl
Vire tounen l' poukòl nan Yon kay
E de twa mwa pou kay la bout
Piti a bout a kòl , oh God
Dèfwa saw espere epa sa lavi baw
E nan moman feblès wap konn pwen fòw
Lè w panse a vi paw
Ti patrick pwoblèm sou pwoblèm
Propriyetè mete l deyò
L'vin nan dòmi nan chanm blòdè
Ki plen pwoblèm yo pa miyò , non !!
Yo Fè gro dròg , tout jounen yp pase deal
Ti patrick influyanse
e li k' tèt pansant pa sezi
Dayè manman l sou kont li
Plis 2 tisè sou kont li
Pa gen Moun ki gen kontwòl
Istwa Poko prèt pou konklu
E vann zam touye Moun
Tanzantan l' nan prizon
Rezon k'fèl chèf zone li
Tchouko pa nèg ki janm nan Manje zong
Depiw tande ou pa Pran
E Prensip l'aplike chak segond
Gee an pa rale pou plezi
Depiw tande klik klak se bow
Yon jou gon frè k' mandel prete on zam
Poul Fon kou
Al fouye Moun kap sot nan vèy denwi
Pou brakaj Moun Pran kou
Gen tire gen viktim
Tijèn l'an pèdi metriz
Moun ki mouri a son ti malerèz
ki t'ap sot legliz
Yòw , ti sòlda Al fouye l , li pa jwenn on goud
Li jwenn on bib a foto tchouko
Lèn te timoun nan Yon group
E la , misyeu reyalize
manman tckouko l touye
Li tou jwe pyel Konn Depi tckouko
Kwazel sal tou ye

Refrain

Patrick no !! Don't do it
Ou ka ret kanpe , ou ka ret panse
Don't do it
Patrick no !! Don't it !!
Panse a timoun yo , ou ka sove avni yo
Don't do it

#guarionex #glex #tobyanbakè #don'tdoit
#haiti #music #lyrics #lyrics_whatsapp_status #lyricsstatus
Рекомендации по теме