Te Gen 99 Mouton Yo - 25 Kreyòl Chan Desperans

preview_player
Показать описание
Te Gen 99 Mouton Yo - 25 Kreyòl Chan Desperans

Merci pou ekout la. Sonje abòne a chanel la pou w kapab jwenn tout nouvo video map mete yo. Ke Bondye beni w.

Support the channel here:
Cash App | $Elyseeblanc

Suiv Mwen Sou:
Facebook

TikTok

1.
Te gen katrevendiznèf mouton yo
Byen gade nan pak la;
Men gen youn ki te pèdu nan mònn yo,
Lwen kay kap pwoteje l,
Lwen, lwen nan mònn yo sovaj e san non,
Byen lwen swen bon Bèje ki renmen li,
Byen lwen swen bon Bèje ki renmen li.

2.
Senyè, ou gen la katrevendiznèf,
Sa pa ase pou ou?
Men Bèje a te reponn: Mouton pa m
Te egare lwen mwen.
Menm si chemen an du anpil, anpil,
M ale nan dezè pou m jwenn mouton mwen,
M ale nan dezè pou m jwenn mouton mwen.

3.
Pa youn pami rachte yo janm konprann
Jan dlo a danjere,
Nuit lè le Senyè tap travèse l,
Pou jwenn mouton pèdi.
Lwen nan dezè a, li tande l kriye,
Malad, san sekou, tou prèt pou mouri,
Malad, san sekou, tou prèt pou mouri.

4.
Senyè, pouki gen tach san tou patou
Nan tout wout nan mònn yo?
San sa a te vèse pou yon mouton
Pèdu malgre Bèje l.
Senyè, pouki men ou yo tout blese?
Aswè a anpil pikan pèse yo!
Aswè a anpil pikan pèse yo!

5.
Patou nan mònn yo, nan mitan tonnè,
Epi nan chemen wòch,
Yo tande yon rèl sot jouk nan syèl la:
Rejwi, mwen jwenn mouton m.
Zanj yo repete devan twonn Bondye:
Rejwi! le Senyè tounen ak mouton l,
Rejwi! le Senyè tounen ak mouton l.

#elyseeblanc #chantdesperance #adoration #haitian_music #hymnesetlouanges #levanjil
Рекомендации по теме
Комментарии
Автор

Bonjour mon frère bien aimé,
Merci pour vos bons morceaux qui me réjouissent beaucoup. Que le Seigneur vous bénisse abondamment.
Cordiallement Pasteur Limard Louis François

limardlouisfrancois
Автор

Merci beaucoup pour cette belle louange soyez bénis

gerardpapin
Автор

Ho, kijan nou fè sanble konsa
Hum!
M se sezi

cherlotulysse
Автор

Amen nanm mwen beni ou gen don pouw edifye moun lew ap chante.Tout glwa pou Bondye

mariedenisepierre
Автор

Map suivre ou depi itali svp nou c jumo

Suzie
Автор

Jus tape Jérusalem peyi béni wap tandel patap gen pasew nan kantik saa non frèm chantel pou fréw

edmondmorisseau-dzvn
Автор

283 chant d'espérance française svp

Ros_Edwidge