Kelly Positif - Avan n ale [OFFICIAL VIDÉO]

preview_player
Показать описание
Gade mizè timoun kap viv a moun!!! Se youn nan expérience peson nan nou pa ta renmen viv! Tanpri éviter diviser fanmi nou pou nenpot bagay, paske au final pi gro konsekans lan se pou timoun yo lap ye! Tanpri tanpri, siw anvi abandonné fanmiw panse ak anvi timoun yo...

AVAN N ALE - KELLY POSITIF

Pa!
Imagine manmanm ap bwase poum manje
Imagine lkitem nan kay 11h du soir lpoko antre
Imagine pitit ou kap soufri, imaginem ki pa gen dra epi map domi nan fredi
Imagine manmanm pron neg Ki pa renmenm, imagine vwazinay komanse met manje cho nan menm!!!
Imaginez siw pa ta la pou pran swenm
Imaginem ki sou kont moun ki pa menm renmenm...

Si pawol mw konte m espere nou tandem
Siw ak manmanm vle fe lagè, viktim l’an se sel mw lap ye
Se vre mpa gran ase poum konprann sak pase
Men avan menm nou deside imagine koman map ye
Tanpri panse avemchak fwa n ap pran desizyon
Imagine koman mpral viv si nou tou 2 nan division
Se mw ki pral subi! Problème son gro mal nap fem, si nou pa deside antann nou pou grandim

Tanprim epanyem de malheur
Padone tout erreur, protéger la vim
Avan n ale panse avem, pa kite ti problème divisé fanmim...

Li rele manman
Li di:

Man! Imagine papam metem non lot foyer
Imagine nan men belmè sa ki tout mizè mka pase!
Imagine le lot timoun mete pye
tray mw pral pase paskem pat pitit madan marye
Imaginem kap pran doumgaz, kap pran chaplet
Poum al jete vaz, map fe djob bet
Imaginem kap kriye mpa gen somey
Imaginem nan tout lari anba soleil

Si pawol mw konte m espere nou tandem
Siw ak papam vle fe lagè, viktim l’an se sel mw lap ye
Se vre mpa gran ase poum konprann sak pase
Men avan menm nou deside imagine koman map ye
Tanpri panse avemchak fwa n ap pran desizyon
Imagine koman mpral viv si nou tou 2 nan division
Se mw ki pral subi! Problème son gro mal nap fem, si nou pa deside antann nou pou grandim

Papa se ouk boucliers fanmim
Ou gen mission pou diriger fanmim
Tanpri pa kite problem, jaloux
Tounen yon bon rezon pou gâcher lavim

Manman we poto mitan fanmim
San ou map pedi 3/4 nan vim
Mkonnenw toleran, tanpri pwomet mwen
Ke Wap toujou la pou ou pran swen fanmim

Tanprim epanyem de malheur
Padone tout erreur, protéger la vim
Avan n ale panse avem, pa kite ti problème divisé fanmim...

AVAN N’ ALE - KELLY POSITIF

Si nou kont separation familiale, si nap tann track sa like et partager post la
Edem rekonsilye yon lot fanmi pou timoun yo ka gen yon meyè demen

Follow me:

#avannale

Follow me

Рекомендации по теме
visit shbcf.ru