GEN YON REZON KI MEN (Videyo Ofisyèl) - NLM (Nick Le Martyr

preview_player
Показать описание
Artist: NLM🔥
Prod: Intemporel Music
Visual: EasyVisuals.Inc🎥
Directed by : Gagné Ismael

#tendance #slampoetry #Konstelasyon

************************************

Pa bliye Abone☀️🙌🐐🇭🇹♥️
****************"*************
Gen yon rezon ki men

Maten an byen bonè m leve
m te kontan
m jwenn ou nan panse m
M jwenn ekilib
m santi jounen an
m ap ka make l
Jounen m ap anbrese l
Jounen an m ap annivre l
pakse ou la
pou m apiye m
Men pa moman
gen kèk bagay ki enèvè m
Kèk choz m praple m
konsyans mwen sibitman
entèpele m
M jije l bon
pou m di w
Sa w ofri m nan
M p ap ka ba ou l
Se pa ke m pa renmen w
Se pa ke m pa bezwen w
Pou dayè m sou nyaj lè w la
Pou dayè son lòt paj lè w la
Epi m gen yon kè kontan San rete
men pou konnya
Pou mwen l Gentan twota
M gen randevou k kagou sou twotwa
M gen pwomès ki bwè pwa
M gen souvni ki son kwa
M paka pote
M p ap fè w sa w pa merite
Men

M pè plonje ankò
M gen plè k poko panse
M pa vle fè ou di tò
Men eske
n ap ka kontinye si pagen resiprosite
Andedan plen ak remò
Tanpri pagen anyen m te sibi
pou m pral fè peye
Kè m pa dakò( 2 fwa)

Trè kalm fas a yon vag k ap pran m
epi kite m ale
M konfye m
yo di m swiv kè m
Men domaj moso yo anpil
M pa bezwen fè yon kalkil
APa renmen w anyen la ou pa merite
Pa moman sa fè m mal
m menm kriye
Livrè
ke
sa fè yon etènite
Menm toujou ka santi sekous yo
Gen yon mwen
ki toujou ap raple m soufrans yo
Pase m flou
depi m tonbe ladan anyen pa egziste
Sa fè m mal lè m sonje kou yo
e ou
se sèl moun ki apeze sa
M espere w konprann sa
Paske m pa konn nan ki nivo m
rekonesan
Pou tout lè w la pou mwen
Pou tout sa w pote pou mwen

M pè plonje ankò
M gen plè k poko panse
M pa vle fè ou di tò
Men eske
n ap ka kontinye si pagen resipwosite
Andedan plen ak remò
Tanpri pagen anyen m te sibi la
pou m pral fè peye
Kè m pa dakò

Padon m pè pou m
pa konfonn ou ak sila
ki t ap avantire yo
Pandan m te sou konstwi
Yo kite tras fè nwa m poko ka pentire yo
Sevre w ban m etensèl
Franchman sa pase nan pil
M Pa konn sa pou fè
m jis gen depi
Pou tan w toujou
enpoze m byen m
Ou sèl trete janm te toujou swete l
Ou sèl asepte
mwen m mwen menm m
Pouki m pa ka al jwenn ou
Pouki m paka Renmen ou
Ou gentan tout
sa ka fè yon yon pwezi
Tan chanje
angwas yo lage pye
lè w souri
M pagen mo
K konfòtab yo
Franchman m pa kwè
se sa w t ap chache
M pavle w konte m
pami endezirab yo
Menm si sou mwen w ka konte

M pè plonje ankò
M gen plè k poko panse
M pa vle fè ou di tò
Men eske
n ap ka kontinye si pagen resiprosite
Andedan plen ak remò
Tanpri pagen anyen m te sibi
pou m pral fè peye
Kè m pa dakò

NLM
MC KÈ
Комментарии
Автор

Dèfwa lanmè tristès nou gen yo menm koulè🥺🥺🥺

geordanyoscarneemralphfleu
Автор

Antouka s'on reyalite anpil nan nou viv, mw se sa map viv la...

slamenfoliehaiti
Автор

Yo di m swiv kèm, domaj moso yo anpil

fanmicaroidislammizik
Автор

Lè ou fin pale mwen ta renmen ou soti Yon mizik atis la 😅

JhonslyAntoine
welcome to shbcf.ru